Ou Pa Ayisyen [O.P.A O.P.A]-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Produced By-Bbo Beat
Lyrics By-Trouble Boy
[Verse 1]
Pa bezwen di w sakapfèt ou gentan konnen se la m fèt
Bas de vètyè charye rue vilak jaken koloni wout frè sakapfèt
A koz pwoblèm fanmi m pat g on vi stab
Pase kay sou kay katye sou katye lekòl sou lekòl m viv tankou nomad
Yeah yeah m viv tankou nomad
A koz de sa tou m vin pa kwè nan moun
A koz de sa tou m vin konn anpil kou
M konn wout nasyonal m konn wout koridò
M konn pate chodyè m konn pate epidò
M konn gwo restoran m konn chen janbe
M konn fanm fidèl m kwè m pase de fanm kite gen avni ki pase mal
Ki pase femèl kounya k pase mal

[Pre-hook]
Pi gwo enmi Ayisyen se Ayisyen
Si w poko konn sa moncher w pa Ayisyen
Depi n ap pale n di Ayisyen se chen
Mwen m fyè paske m se Ayisyen

[Hook]
Si w poko pral lekòl manifestasyon kawoutchou ap boule
W rate de jou lekòl ou rate twa jou lekòl moncher w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen
Non w pa Ayisyen
Si w poko fini lekòl inivèsite wap chèche travay yo mande w yon bagay
Paske w pa vle bay yo di w ou pa kalifye ma chere w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen
Non w pa Ayisyen
Si w pa konn Tropicana, ou pa konn Septan ou pa konn languichat
Ou pa konn Jesifra Manno Charlemagne ebyen w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen

Ou poko janm danse kanaval ou pa Ayisyen
Ou poko janm monte Citadel ou poko Ayisyen
Ou poko janm manje aleken ou pa Ayisyen
Ou poko janm monte kamyonèt ou poko Ayisyen

[Verse 2]
Ayisyen se fyète fyète lè n malad se bouyi fèy fè te fè te
Nou prone libète n ekri non nou nan istwa ouvè liv la feyte feyte
Nou fè 1804 nou fè 2004 sa pwouve n vanyan tout bon vre
Lè a rive pou nou chanje paj si nou vle chanjman tout bon vre

[Pre-hook]
Pi gwo enmi Ayisyen se Ayisyen
Si w poko konn sa moncher w pa Ayisyen
Depi n ap pale n di Ayisyen se chen
Mwen m fyè paske m se Ayisyen

[Hook]
Si w poko pral lekòl manifestasyon kawoutchou ap boule
W rate de jou lekòl ou rate twa jou lekòl moncher w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen
Non w pa Ayisyen
Si w poko fini lekòl inivèsite wap chèche bagay yo mande w yon bagay
Paske w pa vle bay yo di w ou pa kalifye ma chere w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen
Non w pa Ayisyen
Ou pako wè lè eleksyon politisyen ap fè chen mache nan tout katye
Lè yo fin bon yo tou chanje katye ebyen w pa Ayisyen
Ou poko Ayisyen

[Outro]
Ou poko janm danse kanaval ou pa Ayisyen
Ou poko janm monte kamyonèt ou poko Ayisyen